Rezime koze Michel Martelly ak Miami Herald sou jou ki sot pase an (de Komite Ayiti Koneksyon) Nan entèvyou sa kote prezidan eli Ayiti a te parèt relaks, Mateli te reponn kesyon John Yearwood, editè biwo mondyal la pou Miyami Hérald, tou nan kòmansman, an fransè ak èd yon entèprèt, epi dirèk nan lang angle. Kesyon yo te pote: • sou desizyon Mirlande Manigat p'ap konteste rezilta yo nan eleksyon dezyèm tou an . Pou kesyon sa a, Martelly reponn desizyon sa a se "bon" sito lè nou konnen pèp Ayisyen an te chwazi chemen chanjman ak li Martelly ki personnifie chanjman sa • sou kreye travay atravè Ayiti Martelly kwè ke yo va jwenn jòbs nan divès sous: travay rekonstriksyon, nan relanse lame ayisyèn, pwogram agrikòl ki a kenbe prezans peyizan yo sou tè yo. Li te pwofite pou repons sa pou li kritike ampil Leta Ayisyen ki, dapre limenm', p'at janm sèvi pèp la pandan 20 dènye ane sa a alöske menm Leta sa a tap "pije" pèp la. Martelly vle chanje fason yo gou...