Rezime brèf Stanley Lucas sou deba prezidansyèl 8 Oktob 2015 ki te fèt an Ayiti

Rezime brèf Stanley Lucas sou deba prezidansyèl 8 Oktob 2015 kifèt an Ayiti

Jou 8 Oktob oganizasyon ki rele GIAP oganize dezyèm deba prezidansyèl ant kandida Luckner Desir, Jean Herve Charles, Georges Brunet, Fred Brutus e Jean Henry Ceant. GIAP te chwazi 3 tèm pou deba sa. Men tèm yo: 
1.  Ki politik politik enèjetik ke kandida yo genyen pou peyi Dayiti 
2.  Ki strateji ke kandida yo genyen pou refome lajistis
3.  Kijan yap mete fen a okipasyon peyi e voye MINUSTAH ale? 

Men jounalis ki te dirije deba prezidansyèl sa:
1. Tamara Orion – RT Signal @RadioSIGNALfm 
2. Marie Raphael – Radio Ibo 
3. Valery Numa – RT Vision 2000 @ValNuma

Aswè a jounalis yo fè plis jefo. Kesyonman kandida yo te pibon ke nan premye deba. Lè ou tande e analize repons kandida yo ou konstate ke yo souvan pa repon ak kesyon ke jounalis yo poze. Yo pase ampil tan ap bay yon deskripsyon de pwoblèm yo e kritike pouvwa men yo pa ofri oken solisyon konkrè. Se sèlman 20 pousan nan repons ke yo bay ki korespon a yon repons toutbon. 

Sou Politik Enèjetik
Sou kesyon enèjetik la yo pale de eletrisite, Petrokaribe, enèji solè, enèji ewolyèn. Sou dosye sa kandida yo pat pare. Yo pa bay ampil chif pou eksplike pwoblèm sa e yo pa bay non plis ni strateji ni solisyon chifre ki ta pèmèt moun kapral vote a wè ke kandida yo pare pou jere kesyon enèjetik la e rezoud pwoblèm sa. Gen menm yon kandida ki di sa difisil pou jwen chif.  Sou zafè EDH kandida yo pa gen yon metriz chifre ni pwopozisyon chifre. Jean Herve Charles pale de posilibite pou achte KW la a 15 dola lè olye de $25 dola ke nap peye jodia. Eske sa vle di ke konpayi prive ke Preval bay kontra pou van leta eletrisite pou 10 lane ak yon lèt de kredi ap piye leta? Li pa eksplike. Charles pa bay ni detay ni strateji. Jean Henry Ceant pwopoze envèsti 1 milya 200 milyon dola pou bay 90 pousan nan 145 komine yo eletrisite. Lè ou analize chif yo ak objektif la ou konstate ke sal pwopoze la pa kadre paske menmsi ou envèsti 3 milya 400 milyon se sèlman 80 sou 145 komine kap gen kouran. Luckner (Louko) Desir pwopoze konstriksyon 5 baraj pou bay kouran 24 sou 24 a travè peyi. Li di ke petèt ke se 2 nan 5 baraj yo ke lap kapab konstwui pandan manda 5 lane. Louko pa bay ni plan, ni strateji e li pa di kombyen sa pral koute. Georges Brunet pwopoze poul bay eletrisite omwen 12h tan pa jou san li pa bay strateji e san li pa di ki kote ke lap jwen mwayen pou fèsa. Fred Brutus pale de yon ti gwoup ki fè dapiyanp sou peyi e kip pran zafè eletrisite a an otaj nan peze souse leta. Li di ke pwojè pale se mete yon santral nikleyè kap pwodwui eletrisite pou 2 peyi yo sa vle di Sendomeng ak Ayiti. Li pale de envestisman etranje. Pandan ke li prezante done sa yo li pa prezante ni plan ni strateji. 

Petrokaribe
Jounalis te mande kandida yo eksplike kijan Petrokaribe striktire e si pwogwam sa pa la demen maten kisa kandida yo ap fè pou kenbe pri gazoline, dizèl, kerozènn a bon mache? Sou kesyon sa gen ampil kritik kifèt kont pouvwa tèt kale a, men se sèlman Georges Brunet ki repon kesyon sa. Lot kandida yo pèdi nan chimen paske yo pat kapab eksplike kijan petrokaribe striktire. Verite a sèke yo pat konnen repons a kesyon sa.

Refom Lajistis
Sou zafè lajistis la yo pale de refom lajistis, detansyon pwolonje, aktyalizasyon kod yo, amnesti, CSP, amandman konstitisyon, elatrye. Nan pati sa Jean Henry Ceant te bon. Men malgre tou yo pa pale de koze empotan. Pa ekzamp lè yo tap pale de detansyon pwolonje oken nan kandida yo pa pale de zafè ke yon pakèt Jij depi plizyè mwa ap tann renouvèlman manda yo epi anyen pafèt. Akoz de sa genyen ampil ka ki bloke devan ljistis. Kandida yo pa prezante yon plan detaye e yon strateji. Sou zafè konstitisyon an preske tout kandida yo di ke yap amandel sof Jean Herve Charles ki di ke lap vini ak yon konstitisyon tou nèf. Luckner (Louko) Desir di ke gen de bagay ki bon nan konstitisyon an e gen de bagay ki pa bon. Kom ekzanp li bay de sa ki pa bon se Prezidan ki pa kapab revoke premye minis. Li twouve tou ke li pa nomal ke se Prezidan ki nomen direktè Inite Lit kont Koripsyon (ULCC). Jean Henry Ceant di ke lap chanje atik 136 konstitisyon e lap konsolide desantralizasyon an a travè yon amandman. Li deplore kondisyon jan konstitisyon te amande e pibliye. Pozisyon ke Jean Henry Ceant te pran sou sa an 2010 disponib sou blog sa: www.solutionshaiti.blogspot.com Ale nan seksyon Archives 2010

Repran dwa granmoun nou e depa MINUSTAH
Sou dosye sa tout kandida yo te chofe. Fred Brutus di ke lap remonte yon fos defans. Li pale de 1500 moun kap genyen nan fos de defans sa e li di ke se yon dosye ke li konnen byen paske li te patisipe nan komisyon ki te travay ak OEA pou monte liv blan ki defini strateji pou monte nouvo lame peyi Dayiti. Louko Desir limenm di ke li pa nan zafè lame pèpè men lap sèvi ak liv blan ki déjà ekziste sou sa poul avanse. Jean Henry Ceant te yon ti jan laloz sou zafè lame lè li repon ke peyi a pa gen mwayen pou konstwui lame. Sa rapele ampil moun epok ke misye te nan Lavalas la ki te kraze lame an 1995 e gen moun ki gen empresyon ke ak repons sa li tap fè je dou ak Lavalas. Georges Brunet pale de kijan lame ak Legliz te reprezante enstitisyon de pwomosyon sosyal. Li di ke lap rekonstwui yon lame de 1500 moun. Pou depa MINUSTAH tout kandida yo dako fok fos etranjè sa kite peyi Dayiti sof Louko Desir ki di ke peyi a poko pare pou depa MINUSTAH.

Frantz Duval gen rezon lè li ekri sou le Nouvelliste ke pati politik yo pa fè devwa yo. Kom  mwen pa gentan pou rale sou atik sa mwen envite nou li li pou nou kapab kompran. Klike la:   http://lenouvelliste.com/lenouvelliste/article/150859/Les-partis-politiques-nont-pas-fait-leur-devoir  

Li klè ke Fred Brutus genyen deba sa, Jean Henry Ceant an dezyèm pozisyon. Plas twazyèm plas pataje ant 2 moun Georges Brunet ak Louko Desir. Kanta pou Jean Herve Charles misye pat pare pou deba sa. Genyen yon gwo diferans ant sa li ekri chak jou ki anjeneral de trè bon kalite e pèfomans ke li bay yèswa lè tap pale nan deba sa. Pèfomans la pat bon ditou, Misye dwe tounen lakay li al preparel. 
Deba prezidansyèl sa fè mwen enkyè pou peyi nou paske kandida yo pat pare toutbon e yo pat gen metriz dosye ki empotan pou peyi e solisyon spesifik ke anjeneral yon kandida pou Prezidan ta dwe prezante bay nasyon an. 
Deba sa montre ke kandida yo pa vrèman genyen yon kompreyansyon reyèl e apwofondi de pwoblèm yo e yo pa genyen solisyon chifre ki pi byen prepare. An konklizyon mwen pa wè ni plan ni strateji nan sa yo di yo. GIAP te envite kandida Jude Celestin de pati LAPEH men tout moun konstate ke li pat la, ampil moun panse ke Jude Celestin te nan mawon. 
Leson ke mwen tire nan ekzèzis aswè a sèke genyen ampil kandida ki kompran ke eksplike pwoblèm yo, kritike e atake pouvwa tet kale a se sa ki reprezante plan pou chanje bagay yo. Lè kanpay ak deba Prezidansyèl louvri sa reprezante yon gwo opotinite pou eksplike tout moun kapral vote ki plan spesifik ou genyen nan djakout ou kom kandida pou fè lavi vin pi bèl nan peyi Dayiti. Twaka kandida yo sanble pa kapab fèsa. Peyi sa antrave. Pou bagay yo chanje fok kandida yo al prepare dosye yo pi byen, fè rechèch, pwopoze solisyon, devlope mesaj sou baz solisyon sa yo elatrye. Aswè mwen pat wè konesans e metriz de dosye. Se domaj! Kandida yo pa bliye ke M=EK3 M se mesaj la ki dwe gen yen 1 Emosyon 2. Konpetans 3. Kontrast pa rapo ak lot kandida yo 4. Koneksyon pou ke sa wap di a konekte'w ak votan yo. Ti teks sa reprezante yon ti rezime an brèf de sak pase. Si ou santi ke ou kapab kontribye a komplete li sa tap fèmwen kontan ampil. Mwen bat bravo pou bèl jefo sa ke GIAP, jounalis yo ak tout radyo yo fè e mwen felisite kandida ki repon yo paske yo montre key o gen respè pou pèp la e pou jounalis yo. Si gen fot tampri ekskize mwen li minwui pase. 
Pwochen deba prezidansyèl la se Lendi 12 Oktob. Ke Bondye beni Ayiti!!!

Comments