Chanjman an pap fèt san nou. Li pap fèt kont nou. Li dwe fèt pa nou menm.
An Ayiti, fanm yo reprezante anviwon 50.4 % nan popilasyon total la — se yon majorite ki souvan silansye, mete sou kote, malgre se yo ki kenbe sosyete a sou de pye li. Li lè pou majorite sa a vin fòs ki dirije.
Chanjman an pap fèt san nou. Li pap fèt kont nou. Li dwe fèt pa nou menm.
Se yo ki poto mitan sosyete a — manman, edikatè, machann, enfimyè — men yo pa reprezante ase nan espas desizyon yo. Gen mwens pase 3 % fanm nan palman, e lè yo nan gouvènman, se plis pou fè bèl figi, pa janm pou mete estrateji.
Epi se fanm ayisyèn ki toujou leve premye lè tout bagay kraze. Yo òganize, yo nouri, yo swaye, yo anseye, yo rebati. Rezistans yo se yon richès nasyonal. Mete yo sou kote se yon pèt pou tout peyi a.
Nan moman kote enstitisyon yo ap tonbe, kote ensekirite ap vale teren, kote grangou ak mizè ap vale lavi, li lè pou yon fanm pran tèt Leta ayisyen. Pa kòm senbòl, men kòm kapitèn ki gen vizyon, ki konekte ak reyalite pèp la, ki ka retabli konfyans, mete edikasyon, sante, jistis ak diyite kòm priyorite.
Sa se pa yon revandikasyon idantitè, se yon ijans nasyonal. Fanm Ayiti, ann avanse pou nou chanje figi peyi a. Ann kraze plafon vè yo, ann ranvèse lojik eksklizyon yo, ann bati yon lidèchip fanm ki reflete fòs, sajès ak vizyon tout fanm ki kenbe peyi a kanpe.
E gason yo gen wòl pa yo tou. Nou envite yo, nou entèpele yo, nou ankouraje yo pou yo patisipe aktivman nan batay sa a. Angajman yo enpòtan pou kraze prejije, pou mete fen nan sistèm patriyakal, pou konstwi yon sosyete ki pi jis. Se pa pou mete gason kont fanm, men pou mete yo ansanm pou nou reyalize yon vizyon komen: yon Ayiti kote chak sitwayen, kèlkeswa idantite li, ka kontribye nan rekonstriksyon nasyonal la. Gason ki soutni liberasyon fanm yo se alye pwogrè, se konstriktè diyite, se patnè chanjman.
Chanjman an pap fèt san nou. Li pap fèt kont nou. Li dwe fèt pa nou.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire