Bilten ekri de Nouvel semèn ki te komanse 17 desam 2011 lan avek Pegie

Nouvèl 10 @ 16 desanm 2011



Mwen salue tout oditè RHC alawonnbadè,se Pegie ki avek nou depi peyi d’Ayiti !

Yon lot fwa anko mwen kontan rejwenn nou sou Radyo a kote mwen pote nouvèl nan bon ti mamit pou nou sou pwen ki te domine aktualite a


Men premye rale nap fè pou ou


- Oprah Winfrey (Opra Wenfri), yon gwo vedet nan cho televizyon ozetazuni e youn nan fanm ki gen plis lajan sou la tèt te vizite Ayiti nan jou ki te 12 ak 13 desanm lan avèk aktè sinema yo rele Sean Penn (Sin Penn).

-- Vizit Oprah e Sean antre nan kad yon evaluasyon ke yo vin fè en Ayiti yon kan moun refujye aprè trembleman 12 janvie 2010 la ke oganizasyon pa yo a ap sipòte.

Nap rapele’w ke kan sila se te yon ansyen teren golf nan lakou Pot-o-Prens.

Toujou pendan vizit sila yon fotograf ayisyen ki se yon jounalis te jwen arestasyon pendan ke li tap esaye pran kek foto, kote yo te mande’l poul efase imaj ke’l te pran yo. Jounalis sa- a te jwen liberasyon aprè yon bout tan pendan joune-a.

Manzè Oprah te rapousib avek toune’l en Ayiti kote li te visite yon magazen avek yon atelie atysana ke Magalie Dress ap dirige, Centre sila yo fè mask pou kanaval, tablo dekorasyon, tablo penti ke yo vann lòt bò dlo.

E poun fini manzè Oprah rapote dan la pres ke li te manje avek President peyi-a Michel martelly e Madanm li Sophia.

Nan kad visit gwozotobre etrange ki vin vizite Ayiti semèn nan, nap site Reveran Louis Farakhan ki te rankontre tou ak Prezidan Matelly. de mesye yo te fè echanj kado. M Matelly te bay Farrakhan yon tablo penti aysyenn tandiske reveran a te bay prezidan yon liv koran ( ki se bib muzulman yo )

Kounia sou plan finasye na lakou peyi d’ayti

Nap fèw konnen ke BEN Stiller ki se yon gwo aktè ameriken ki jwe anpil fim, komik e aksyon-komik ap finanse yonprojè 8 lekol en Ayiti. Aktè de dènye fim yo rele Tower Heist (Towè Ayst) pendan vizit li en Ayiti te renkontre avèk dirijan Digicel yo kote yo mete sou pye yon plan pou ede systèm edikasyon ayisyen-an.

Li twite yon (Super journée en Haïti) kote’l voye anpil mesaj bay plizyè milie moun jis poul ka

kolekte lajan pou finanse pwojet sila. Ben patisipe deja aveck Bill Klinton nan plizyè kolèk fon

pou Ayiti aprè trembleman de tè 12 Janvie-a.

toujou sou plan finansye a

Nan yon not pou la press, pòt pawòl presidans en Ayiti-a anonse que peyi l’Espay bay yon ed de 50 milion euros a peyi d’Ayiti nan bi pou yo renfòse kapasite prodiksyon moyèn ak ti entrepriz en Ayiti yo rele (PME). Nan yon ti seremoni tou kout kite deroule nan Palè nasyonal mèkredi 14 desanm nan, Prezidan Martelly te resevwa Ambasadè peyi Espaj-lan an Ayiti, M. Manuel Hernández, representan Bid en Ayiti , M. Edouardo Almeida e Sekretè zafè etranjè Ayitièn M. Pierre Richard Casimir kote yo te poze signati yo anba dokiman akò sila.

Nan fen seremoni-an Ambasadè peyi Espaj-la an Ayiti, M. Manuel Hernández Ruigomez deklare ke kob sila ap disponib nan Bank Komesyal en Ayiti nan mwa Janvie 2012 kap vini-an sou kontròl Bank Interaméricaine de Développement (BID), Kote Moyèn ak Ti entrepriz yo ap kapab prete lajan.

Poul fini li di ke akò sila se fri voyaj preziden Martelly te fè nan Peyi Espay. kote li te mande pep espayol la pou yo ede’l ameliore kondition de vi pep ayisyen-an

Lot pwen ki te domine aktyalite a

Nan domèn ensekirite a

Ayti ensekirite

Nan lan nwit dimanch pou rive lendi maten ki te 12 desanm lan, nan ri di sant nan potoprens, te gen 3 kadav jen gason ki sanble mouri pa bal. Yo pa konn idantite jen gason sa yo.

Toujou nan domèn ensekirite

Samdi ki sot pase a nan Santo 19 bandi ak zam touye polisye Saint-Pierre Moise ki afekte nan BIM (Brigade d’Intervention Motorisée). Krim sa fèt pandan Polisye a te sou moto sèvis li daprè pot pawol adjwen polis la Gary Desrosiers. Bandi yo pran moto a e yo boule kadav la .Sa fè 30 polisye ke bandi touye pandan ane 2011 lan. M. Desrosiers mande popilasyon ayitièn nan pou yo pote kole avek yo pou ede yo kwape zak banditis nan peyi a.

--Gen kek depite nan paleman ki denonse situasyion sa e ki mande pou gouvènman fen yon bagay ak sa pou sispann zak sila yo. Depite Rony Celestin nan Seka Lasous, depite Eloune Doreus nan Mole St Nikola ak depite Martial Despas nan Kabaret ouest deklare ke insekirite sa pa chita nan kapital la sèlman men nan kèk vil provens tou kote yo reprezante yo. Daprè Radio Kiskeya, depite Doreus ta di sitiyasyon sa a ka genyen yon konsekans negatif sou envestisman nan peyi a.

Sanble gen de jefò kap fè bò kote PNH

Paske Sekrètè d’eta sekirite publik la Reginald Delva enfome ke polis nasyonal ak MINUSTAH ap travay nan yon tèt kole sou yon plan pou yo identifye zon ki kon gen krim yo nan yon tan ki pa two long.

Plan sa a ap ede yo lite pi byen kont bandi yo ak ka kidnaping nan kap ogmante pandan fèt fen dane a nan zon metwopolitèn nan.

----Prezidan Martelly aprè li sot patisipe nan 4èm somè Caricom-Cuba ki te dewoule nan Trinidad, deklare ke li satisfè de patisipasyon li nan somè sila. Aprè rankont avek plizyè Homolog nan peyi karayb la, anpil peyi manb Caricom dakò pou yo kontinye pote kole ak ayiti.

8- Yon oganizasyon pou defann dwa moun denonse mekredi a solda ONU yo ki maltrete twa jènn aysyen nan katye fo dimanch ki nan sant kapital la dimanch pase a. Youn nan jenn gason yo deklare ke solda yo bat yo epi yo lage yo sou yon tèren. RNDDH kondane zak malonèt sa yo ke solda MINUSTAH yo ap fe nan peyi a, anpil moun deja akuze yo akoz yo vyole dwa moun nan plizyè vil peyi a daprè pot pawol RNDDH la Marie Yolaine Gilles.

11- Nap fini avèk aktivite kite fèt lan hotel Karibe vandredi ki te soti pou 9 desanb lan kote kek fanm te reuni pou te selebre kreasyon ak prodiksyon fanm nan peyi dayiti. Anpil fanm empotan te nan aktivite sa ki te fet sou patwonaj Madame Sophia Martelly. Vedèt amerikèn Kim Kardishan te la tou ansanb ak manman li. Anpil magazen te reponn prezan nan zafè sa ki tap mete an valè prodiksyon ak kreasyon atisanal, kouti, elatrye kap fèt sou tè aysien an. Si wou ale sou Facebook HaitiConnexion wa wè kek foto nou mete sou aktivite sa a grace a koutoisi Madam Sofia Matelly.

Mezanmi se la nou kanpe ak rale sou nouvèl pa bò isit. Nan mikrofòn nan se te Pegie ki di nou Mèsi pou atansyon nou se te Pegie ki swete w pase yon bon moman sou Radio Haiti Connexion, la connexion des connexions.


Audio du texte: ( http://twt.fm/494446)

Audio pour les uilisateurs de Smartphones:
(http://chirb.it/tmNncy)

Comments