Pégie Infos du 14 au 21 janvier 2012 sur Radio Haiti Connexion

Pégie Infos du 14 au 21 janvier 2012 sur Radio Haiti Connexion

___________________
Texte du Bulletin



Salitasyon pou tout oditè kap koute m sou Radio Ayiti Koneksyon. Se Pegie ki nan antèn nan depi Ayiti pou enfòmew de nouvèl semèn nan

1- ) Nap kòmanse nouvèl la ak pwen sa a pou n fèw konnen ke lendi 16 janvye a nan lan nwit bò zòn 9h-10h konsa gen yon aksidan ki fèt nan zòn delma 33. Gen pou pi piti 30 moun ki mouri e plis pase 50 lòt blese. Se yon gwo kamyon ki ta sanble pèdi fren depi pi wo delma 33 e ki bwote tout sa li jwenn sou wout li tankou motosiklèt, ti machann, moun ki t’ap pase sou wout la, kamyonèt avèk lòt machin anvan li rive nan lakou televizyon nasyonal la TNH ki nan 33.
Prezidan peyi a Michel Martelly ak tout madanm li te ale vizite kote aksidan sa te fèt la, te gen sekretè deta sekirite a Reginald Delva ki te la tou a, Mè delma Wilson jeudi, avèk Depite Arnel Belizaire avèk lòt pèsonalite peyi a tout te ale vizite dega sa.
Prezidan peyi a pwomèt ke li ap mete lòd nan peyi e li ap pran mezi kap pèmèt li sove lavi moun.


Nan menm aksidan sa gen Jacques Maurice qui se yon jounalis, pèdi pitit li ki rele Jacques Mannwèl Maurice ki gen 22 zan, li mouri mèkredi 18 janvye a ki sot pase a, li te blese grav. Jènn gason sa te animatè-prezantatè nan radio shalom FM ke papa li Jacques Maurice ap dirije. Li te konn anime yon emisyon ki rele « Espace Jeune ».
Minis kilti ak kominikasyon voye senpati li bay fanmi ak zanmi jènn gason sa nan yon nòt siyen minis Pierre Raymond Dumas.

19/01/2012 09:56:27


2-) Lòt pwen ki te fè aktyalite a an ayiti se kesyion nasyonalite a. Komisyon espesyal ki chaje pou ankete sou nasyonalite manb nan gouvènman, ki gen nan tèt li Senatè Joseph Lambert avèk kòm sekretè-rapòtè Youri Latortue kòmanse verifye dokiman moun yap ankete yo. Daprè Senatè Steven Benoît gen 39 pèsonalite politik pou komisyon an mennen akèt sou yo.
Senatè Moïse Jean-Charles ki akize depi plis pase yon semèn Président Martelly, le Premier Ministre Garry Conille, minis zafè etranjè a Laurent Lamothe, Minis du touris la Stéphanie Balmir Villedrouin, et le sekretè deta interiè a Georges Racine avèk yon lòt minis ke li pa bay non li paske li gen yon dokiman ke li pa jwenn pou li, di ke li bay prèv sou lòt nasyonalite Prezidan peyi

Senatè Benoit bò kote pali di ke senatè Moise Jean Charles depoze yon dokiman ki gen 2 nimewo paspò, youn ta sanble se yon paspò ameriken, lòt la ta sanble se yon paspò italyen men li pa gen sètitid de enfòmasyon sa.
Senatè Benoit kontinye pou li di ke imigrasyon pa ka di yo si se paspò ameriken ak italyen yo ye vrèman ni pou kiyes yo ye kidonk yo oblije a mennen demach nan anbasad yo ak òganizasyon yo pou yo ka jwenn enfòmasyion yo bezwen an

3-- Mekredi 18 janvye a sevis immigrasyon Etazini fè konnen yo pral bay Aysyen visa tanporè pou ale travay lan peyi Etazini an. Visa sa yo ki rele H-2A ak H_2B pral jewnn moun ki aplike pou yo e ki vle al travay lan agrikilti, otel, konstriksyon, ak sèvis manje. Ayiti vinn pami 57 peyi Imigrasyon Etazini asepte pou bay jan de visa sa yo. Prezidan Mately remèsye Etazini pou desizyon sa. Lan bò kote pa l, depute democrate Frederica Wilson lan Miyami bat bravo pou sa e li di desizyon sa a pral ede anpil moun an Ayiti tranbleman de tè a te deplase. Sepandan gen lòt moun ki pa kontan pwogram sa a, sitou kèk plantè la Florid ki yo menm fè konnen travayè sa yo pi chè paske yo oblije peye plis e yo oblije bay yo lojman, transpò, alò ke yo pa bezwen fè tout bagay sa yo ak moun ki san papye yo.

4-- Lan domèn spo a , Kanada bat ekip ayisyènn fi yo ak yon skò 6 a zero lan kad match ki pou kalifye peyi pou championa olenpik lan. Se kon sa tou golkipè ekip aysyenn Lidnie Lamaje se kite jowet la sou branka aprè li te blese lan do difèt li te fè yon kolizyon ak yon jouè. Deniè nouvèl fè konnen li te ospitalize.

5-- nap mete bout lan nouvè semenn lan pou nou di w gen 8 polisye ki koupab nan zafè masak ki te fèt nan prizon okay sou prizonye yo aprè katastwòf 12 janvyen 2010 la.
Gen moun ki di yo byen kontan pou vèdik sa a paske se premiè fwa apre lontan ke polisye jwenn pinisyon pou zak kraze zo ak touye mounn yap fè kont popilasyon an.

Comments