Nouvo atak ak masak an Frans

Plis 120 moun mouri lò moun ak gwo zam atake lòt moun lan Pari-Frans lan sware vandredi 13 novamb lan.
Atak sa yo fèt lan divès lokalite lan kapital Pari a kote sa fè dezièm fwa lan mwen  dinane kote 2 militan jaadis te atake jounalis Charlie Hebdo e yo te touye yo.

Nouvo atak sa a terib paske li te koòdone lan diferan lokasyion. A pa moun ki mouri yo, gen apeprè 200 moun ki blese. Prezidan franse a Hollande (Oland) tap gade yon match foutbòl lan yon stadyòm lò 2 ou 3 atakan yo fë exploze bomb ki te souicide tèt yo frèt lan stad la.

Oland apre atak la di Lafrans sibi yon zak de guè tandike prezidan ameriken an Obama di limenm atak sa a seyon zak kon limanite.

Prezidan sirien an di limenm se polisi Lafrans ki kree teroris sa yo.

Anpil chèf peyi te voye kondoleans yo bay Lafrans ki sezi anpil douvan zak sa ki fòse peyi a pran yon seri mezi kòm fèmen frontiè li, dekrete eta dijans, elatrye

Reaksyon sou media sociyo yo fini anraje sou zafè sa a. Gen moun ki chanje foto pwofil yo sou Fesbouk lè yo mete foto yo anvolope ak drapo Lafrans. 

Men gen moun ki mande tou pouki sa kanpay sa pa fèt lò ampil moun ap pèdi la vi yo akoz de laguè, bonbadman, atak kap fè lan lòt peyi kote se pa blan qui rete.

Nap bay wou anba yon apèsi de sa ki te pase a Pari sou atak sa a vvandredi 13 novanb lan :




du 13 novembre à Paris : Retour sur... by lemondefr



Attentats du 13 novembre à Paris : Retour sur... by lemondefr

Prezidan Obama ap pale apre sa ki pase an Frans lan


Attentats du 13 novembre à Paris : Retour sur... by lemondefr

Comments