Posts

Showing posts from December 18, 2011

Les Voeux du Staff de Haiti Connexion Network

Image
Le Staff de Haiti Connexion Network Vous Souhaite un Joyeux Noël Ecoutez nos plus belles chansons de Noël en cliquant sur le lien suivant: http://www.live365.com/cards/holiday11/templates/traditional.live?card_key=38Pp/t6DBHXAY

Bilten ekri de Nouvel semèn ki te komanse 17 desam 2011 lan avek Pegie

Image
Nouvèl 10 @ 16 desanm 2011 Mwen salue tout oditè RHC alawonnbadè,se Pegie ki avek nou depi peyi d’Ayiti ! Yon lot fwa anko mwen kontan rejwenn nou sou Radyo a kote mwen pote nouvèl nan bon ti mamit pou nou sou pwen ki te domine aktualite a Men premye rale nap fè pou ou - Oprah Winfrey (Opra Wenfri), yon gwo vedet nan cho televizyon ozetazuni e youn nan fanm ki gen plis lajan sou la tèt te vizite Ayiti nan jou ki te 12 ak 13 desanm lan avèk aktè sinema yo rele Sean Penn (Sin Penn). -- Vizit Oprah e Sean antre nan kad yon evaluasyon ke yo vin fè en Ayiti yon kan moun refujye aprè trembleman 12 janvie 2010 la ke oganizasyon pa yo a ap sipòte. Nap rapele’w ke kan sila se te yon ansyen teren golf nan lakou Pot-o-Prens. Toujou pendan vizit sila yon fotograf ayisyen ki se yon jounalis te jwen arestasyon pendan ke li tap esaye pran kek foto, kote yo te mande’l poul efase imaj ke’l te pran yo. Jounalis sa- a te jwen liberasyon aprè yon bout tan pendan joune-a. Manzè Oprah t