Vidéo et résumés en créole et français de l'interview de Michel Martelly à Miami Herald

Rezime koze Michel Martelly ak Miami Herald sou jou ki sot pase an (de Komite Ayiti Koneksyon)

Nan entèvyou sa kote prezidan eli Ayiti a te parèt relaks, Mateli te reponn kesyon John Yearwood, editè biwo mondyal la pou Miyami Hérald, tou nan kòmansman, an fransè ak èd yon entèprèt, epi dirèk nan lang angle.

Kesyon yo te pote:
sou desizyon Mirlande Manigat p'ap konteste rezilta yo nan eleksyon dezyèm tou an.
Pou kesyon sa a, Martelly reponn desizyon sa a se "bon" sito lè nou konnen pèp Ayisyen an te chwazi chemen chanjman ak li Martelly ki personnifie chanjman sa
sou kreye travay atravè Ayiti
Martelly kwè ke yo va jwenn jòbs nan divès sous: travay rekonstriksyon, nan relanse lame ayisyèn, pwogram agrikòl ki a kenbe prezans peyizan yo sou tè yo. Li te pwofite pou repons sa pou li kritike ampil Leta Ayisyen ki, dapre limenm', p'at janm sèvi pèp la pandan 20 dènye ane sa a alöske menm Leta sa a tap "pije" pèp la. Martelly vle chanje fason yo gouvène, li vle transfòme fonksyon piblik lan
sou rekonstriksyon peyi a ak komisyon pwovizwa rekonstriksyon
Prezidan eli an kwè aprè yon ane e kèk mwa pita, rekonstriksyon ap fèt lan peyi lan dousman dousman. Transparans ak "bay Ayiti priyorite " se 2 bagay ki pra l pi enpötan nan rekonstriksyon an anba gouvènman li an. Jan li wè l, komisyon pwovizwa rekonstriksyon manke jwenn lidèchip konsekan ki tap fè pou sòti nan prezidans lan. Pwojè rekonstriksyon yo idantifye yo vini de moun ki sanble ki pap travay nan enterè peyi a ak enterè pèp ayisyen an.
sou lame a
Mateli vle mete sou pye yon lame modèn ak yon mantalite diferan, ki pou pwoteje oubyen sèvi peyi ya, sitou nan moman dezas, oswa nan dezöd oubyen kaos, pou ede yo nan reforestation, ak bezwen medikal ...
sou avni premye minis Bellerive
Mateli wè lan Max Bellerive yon politisyen ki gen talan, yon " jenn moun ak espri" ki , malgre kalite sa a « sa pa vle di mwen déjà m ap pwopoze l pou okenn pòs men mwen kab itlize sèvis li. »
Sou tounen ansyen prezidan Aristide ak Divalye sitou sou zafè pwosè yo kont Divalie .
Martelly te reponn ke sistèm judisyè a dwe endepandan e lib e libè ; epi li p'ap vle anta przidan pou li janm entèveni oswa menm pou eksprime opinyon l sou sa. Li di li kwè li gen yon bèl ekip ki konpoze ak plizyè espesyalis atravè lemonn k ap ba li konsèy. Li panse tout bagay byen pou konnye a. Eske li kap pran konsèy de ansyen prezidan sa yo? Petèt Mateli di nou, men lan ka byen presi, sitou kote yo te komèt erè.
Sou pwomès ke li te fèt pou l danse touni sou tèt Palè Nasyonal, si l ta rive prezidan
Mateli deklare :
"Kòm atist Mwen fè sa mwen te pou m fè pou mwen reyisi, koulye a mwen prezidan, mwen pral fè job prezidan an", epi Michel Martelly te ajoute nan fen antretyen li pra l sèvi ak laprès pou li pase pwendevi l, unifie moun yo, bay rékonfò ak kiltive konfyans kay moun.


Un Résumé en français en bas du récent entretien de Michel Martelly avec le journal Miami Herald rédigé par le comité de rédaction et de modération de Haïti Connexion Network:

Dans cet entretien au cours duquel le président élu d'Haïti était apparu détendu, ce dernier a répondu tout au début en français avec l'assistance d'un interprète aux questions de John Yearwood, éditeur du bureau mondial pour le Miami Hérald, puis directement en anglais.
Les questions ont porté:
sur la décision de Mirlande Manigat de ne pas contester les résultats des élections du second tour.
A cette question, Martelly réplique que cette décision est la « bonne » d’autant que le peuple haïtien a choisi la voie du changement avec lui Martelly et qu’il personnifie ce changement
sur la création du travail à travers Haïti
Martelly estime que les jobs viendront de diverses sources : des travaux de reconstruction, de la relance de l’armée haïtienne, des programmes agricoles qui maintiendront la présence des paysans sur leurs terres. Il a profité de sa réponse pour fustiger l’Etat haïtien qui, selon lui, ne servait pas le peuple pendant les 20 dernières années alors que cet Etat « prenait » du peuple. Martelly veut changer la façon de gouverner et veut transformer la fonction publique.
sur la reconstruction du pays et la commission intérimaire de reconstruction
Le président élu croit qu’un and et quelques mois plus tard, la reconstruction n’a pas commencé au pays. Le processus est lent, dit-il. La transparence et « donner priorité à Haïti» doit être et seront la pierre angulaire de la reconstruction sous son gouvernement. Tel qu’il le voit, la commission intérimaire de reconstruction n’a pas trouvé de leadership réel venant de la présidence. Des projets ne devraient pas être identifiés par des gens qui ne travailleraient dans l’intérêt du pays et du peuple haïtien.
sur l’armée
Une armée moderne doit être remise sur pied, à son avis, avec une mentalité différente, aux fins de protéger ou servir le pays, surtout dans les moments de désastre ou de chaos, pour aider à la reforestation, aux besoins médicaux…
Sur l’avenir du premier ministre Bellerive
Martelly voit en Max Bellerive un talentueux politicien, un « intelligent et jeune homme» qui n’est pas, malgré ces qualités, son point de mire dans toute proposition qu’il aura à faire pour le poste que Bellerive occupe actuellement.
Sur le retour des anciens présidents Aristide et Duvalier et plus spécifiquement Duvalier à cause des poursuites légales contre lui.
Martelly a répondu que le système judicaire doit être indépendant et libre et qu’il ne veut point intervenir ou même exprimer ses opinions concernant ces poursuites en tant que président. Il estime qu’il a pour le moment une belle équipe composée de plusieurs experts de par le monde qui lui donnent des conseils. ; il pense que tout est bien pour le moment. Et des conseils de ces ex-présidents ? Probablement oui mais dans un domaine spécifique, particulièrement là où ils ont commis des erreurs.
Sur la promesse antérieure faite par Martelly de danser nu sur le toit du Palais National si lui Martelly arrivait à la présidence.
« En tant qu’artiste J’ai fait ce que j’avais à faire pour réussir, maintenant que je suis président je remplirai mes fonctions de président », a répondu le président élu Michel Martelly qui en fin d’entretien a promis de faire usage de la presse pour faire passer ses points de vue, unifier les gens, procurer du réconfort et cultiver la confiance.

Ayiti Koneksyon
_____________________________________________

Comments