Condoleances aux parents et amis du Reverend Gerard Jean Juste.

Affiché sur le forum Haiti Connexion par Zabeth Jean-Bergeron


Pè Jean Juste triyonfe
Paske nan pòt lanmò a,
Sèl paspò e sèl viza
Ki konte se LANMOU.

E se la ! Wi , wi, se la !
Se la, nan pòt lanmò a
Nou tout gen pou pase.
Se la, sèl paspò e sèl viza
Ki konte se LANMOU.

Se la, nan vil Jerizalèm,
Anndan jaden Jetsemani,
Arestasyon Jezu te fèt
Nan blakawout lahèn.

Se la, nan Petyon Vil,
Anndan legliz Sen Pyè,
Arestasyon Pè Djeri te fèt
Nan menm blakawout la.

Se la, sou tèt tèt mòn kalvè,
Tout bouji lanmou te etenn
Pou mechan yo sakrifye Jezu.

Se la, nan kacho prizon lakay,
Yo te deja sakrifye Pè Jean Juste
Sou lotèl kidnapinn 29 fevriye a.

Se la, akoz lanmou ki nan kè l,
Jezu te ofri tout san ki nan kò l
Pou wouze tout jaden delivrans.

Se la, nan swiv Jezu ke l renmen,
Pè Jean Juste ofri dènye gout san pa l
Pou Ayiti tounen yon tè delivrans.

Se la, nou ka dekouvri aklè
Pa gen pi gwo prèv lanmou
Pase lè ou sakrifye lavi ou
Pou moun ou renmen yo.

Se la tou nou dekouvri
Mouchwa konsolasyon
Pou siye dlo nan je moun
Ki renmen Frè nou an.


Onè pou ou, Pè Jean Juste !
Respè pou ou, Frè nou Djeri !
W ap toujou ret byen vivan
Nan lespri moun ki renmen w.
Se la ou triyonfe sou lanmò !

Plis nou rale zetwal konpliman
Pou ofri w kouwòn rekonesans,
Plis nap kontinye toujou sonje :

Se la, nan pòt lanmò a
Nou tout gen pou pase.
Se la, sèl paspò e sèl viza
Ki konte se LANMOU.

Dr Jean-Bertrand Aristide
Pretoria, 28 -05- 2009
 
Dr Jean-Bertrand Aristide
Pretoria, 28 -05- 2009

Comments