Posts

Showing posts from May 31, 2009

Condoleances aux parents et amis du Reverend Gerard Jean Juste.

Affiché sur le forum Haiti Connexion par Zabeth Jean-Bergeron Pè Jean Juste triyonfe Paske nan pòt lanmò a, Sèl paspò e sèl viza Ki konte se LANMOU. E se la ! Wi , wi, se la ! Se la, nan pòt lanmò a Nou tout gen pou pase. Se la, sèl paspò e sèl viza Ki konte se LANMOU. Se la, nan vil Jerizalèm, Anndan jaden Jetsemani, Arestasyon Jezu te fèt Nan blakawout lahèn. Se la, nan Petyon Vil, Anndan legliz Sen Pyè, Arestasyon Pè Djeri te fèt Nan menm blakawout la. Se la, sou tèt tèt mòn kalvè, Tout bouji lanmou te etenn Pou mechan yo sakrifye Jezu. Se la, nan kacho prizon lakay, Yo te deja sakrifye Pè Jean Juste Sou lotèl kidnapinn 29 fevriye a. Se la, akoz lanmou ki nan kè l, Jezu te ofri tout san ki nan kò l Pou wouze tout jaden delivrans. Se la, nan swiv Jezu ke l renmen, Pè Jean Juste ofri dènye gout san pa l Pou Ayiti tounen yon tè delivrans. S